Dessalines Football Academy : Disiplin, Fyète ak Leson Dessalines pou Bati Avni Jèn yo âš½ðŸ‡ðŸ‡¹
Nan vizyon Dessalines Football Academy, foutbòl pa sèlman yon jwèt, li se yon zouti edikatif ki chaje ak valè. Enspire pa ideyal gran lidè nou Jean-Jacques Dessalines, Akademi a mete aksan sou disiplin, fyète ak leson istwa pou fòme jèn Ayisyen ki pa sèlman talan sou teren an, men ki pote valè respè, diyite ak lidèchip.
Chak sesyon antrenman se yon opòtinite pou jèn yo aprann travay ann ekip, respekte règ yo, devlope tèt yo fizikman ak mantalman, pandan y’ap konekte ak eritaj istorik peyi a.
Ak akademi sa a, nou pa sèlman ap chèche fabrike bon jwè, men *fòmasyon sitwayen ki fyè, disipline epi pare pou sèvi Ayiti.
Dessalines Football Academy se plis pase yon lekòl foutbòl, se yon mouvman pou *bwa avni nou pi solid atravè espò ak leson istwa.
Fyète nou, fòs nou, se jèn nou yo! ðŸ‡ðŸ‡¹
Share this content:
Laisser un commentaire